Aplike pou yon Kat Bibliyotèk sou Entènèt



Jwenn yon Kat Bibliyotèk Nimerik Jodi a Menm nan Kèk Etap Byen Fasil

Si w gen laj 13 lane oswa plis epi w ap viv, travay, ale lekòl, oswa peye taks sou pwopriyete nan Eta New York, ou ka jwenn yon kat bibliyotèk nimerik gratis kounye a lè w itilize fòm sou entènèt sa a. Vizitè nan Eta New York yo kapab itilize fòm sa a tou pou yo aplike pou yon kat tanporè.

Avèk yon kat bibliyotèk nimerik, ou jwenn aksè gratis ak yon pakèt resous nimerik Bibliyotèk la—ki gen ladan liv elektwonik, baz done, resous edikatif, ak plis ankò.

Lè ou soumèt yon aplikasyon, ou konprann epi ou dakò ak Tèm ak Kondisyon pou moun ki gen kat nou yo epi ou dakò ak Règ ak Règlemannou yo. Pou aprann plis sou itilizasyon enfòmasyon pèsonèl Bibliyotèk la, tanpri li Règleman sou Vi Prive nou an.